Sign up
Forgot password?
FAQ: Login

Scutt Zermatt. Fanm Je Klere = Eyes Wide Open: Ayiti Leve Pye w

  • pdf file
  • size 30,97 MB
  • added by
  • info modified
Scutt Zermatt. Fanm Je Klere = Eyes Wide Open: Ayiti Leve Pye w
Pensylvania, US: Edisyon 2 Kreyòl Yo, 2017. — 154 p.
Liv sila a se yon koleksyon pwezi angaje kote sanba Zermatt Scutt ap reflechi sou rezistans fanm, rezistans timoun, rezistans Ayiti nan mitan wonn dominasyon rasis, seksyèl, familyal, ekonomik, enperyalis ki makiye lavi nou tout. Gen plizyè foto nan liv la ki akonpaye pwezi yo. Foto sa yo kapte pakou ak relasyon fanmi, zanmitay Zermatt yo pandan sezon li t ap akouche liv la. Pa egzanp, nan lane 2013, yon gwoup nan vil Jakmèl te gen lide fè mayo ki make, « Gade jan m bèl ». Imaj pawòl sa yo nan do mayo yon mesye jwenn plas li nan liv la. Li enspire youn nan pwezi yo epi li kapte youn nan refleksyon fondamantal ki motive koleksyon an. Nan lide Zermatt, youn nan pi gwo zouti rezistans nou, se konpreyansyon nivo bèlte nou mawonnen ak angajman pou n kreye espas k ap pèmèt nou briye nan tout bèlte n, malgre tout defi yo.
  • Sign up or login using form at top of the page to download this file.
  • Sign up
Up